AYITI/ESTA: NATACHA LANFONTANT ( CHACHOU) SE AP « INVITÉE D’HONNEUR » NAN SWARE ANIVÈSÈ TI JO ZENNY.

Repite pou yon moun ki pozitif, ki toujou pote kè kontan nan chak « live » li fè sou rezo sosyal yo, Natacha Lafontant moun plis konnen sou non  » Chachou », se tou yon fanatik enkondisyonèl chantè kreyòl la, Ti jo Zenny.

Fanm wouj, gwo kò ki ap viv nan peyi Etazini, Chachou toujou manifeste lanmou li genyen pou Ti jo Zenny chak fwa li gen okazyon an.

Konsyan Natacha Lafontant enkonparab nan nivo li apresye Ti jo a, gwoup « Kreyòl la » chwazi li, nan lide pou remèsye li pou lanmou li genyen pou chantè ak ba li okazyon pou li danse djaz la « live », fè li yon envitasyon fòmèl 29 Me nan sware anivèsè « lead » vokal gwoup mizikal la ki ap fèt nan otèl El Rancho.

 » Se avèk anpil kè kontan nou ap swete akeyi w nan sware espesyal sa kote w ap « Invitée d’honneur ». Lajan otèl ak biyè avyon ap sou kont nou, men tou nou ap asire sekirite w « , nan lèt envitasyon kreyòl la ekri Natacha Lafontant ( Chachou).

San pèdi tan, pou reponn ak envitasyon an envite a te ekri sou kont fesbouk li  » the answers is yes » sa vle di repons lan se wi.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …