AYITI/POLITIK: CLAUDE JOSEPH DENONSE AK KONDANE KONPÒTMAN YON JOUNAL AN LIY KI AP DEFOMÈ PAWÒL LI.

Premye minis pwovizwa a, doktè Claude Joseph denonse epi kondane ak tout fòs li, nan yon nòt pou laprès li fè soti jounen dimanch 9 me 2021 an, konpòtman yon jounal anliy ki ap defomè pawòl li di.

« Menm jan ak prezidan repiblik la, chèf gouvènman pou yon ti bout tan an te afime pa gen sakrifis ki twò gwo pou soti Ayiti nan enpas politik li ye a ki anpeche devlopman sosyo ekonomik li depi yon pakèt tan », li nan nòt la.

Daprè Claude Joseph sa pa vle di li remete an kesyon pwosesis elektoral la ki « irevèsib ». « Li esansyèl pou pèp ayisyen an pwononse li nan dat yo prevwa pou referandòm konstitisyonèl la fèt la paske se youn nan makfrabrik demokrasi a ki bay pèp posibilite pou li bay dizon li sou yon pakèt kesyon ki gen pou wè ak desten l », kontinye nòt la.

Doktè Claude Joseph , toujou daprè nòt la, regrèt medya anliy sa kite wòl li pou li vini mete an danje linite ki gen nan peyi a pou ti enterè pèsonèl.

Premye minis pwovizwa a, Claude Joseph move kou kong aprè sa ki pase a, daprè konsta ki fèt. Sepandan, gen moun lè yo ap li nòt pou laprès la ki ta kapab mande ak ki medya anliy premye minis la ap pale ? Kisa premye minis la te di epi medya sa defomè a?

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …