AYITI/KILTI : K-DILAK AK BEDJINE DE (2) JÈN ATIS KI PRAN PLAS YO NAN MACHE MIZIK LA .

Joubite Dessaline alyas « K- dilak » ak Marie Bedjine Love David alyas  » Bedjine » de (2) jèn atis ki rive pran plas yo nan mache mizikal la nan peyi Dayiti.

de (2) atis sa yo ki gen plis pase yon lane depi y ap chante sou menm mizik ap fè siksè sou siksè, premye siksè mesyedam yo te chante ansanm te pote tit  » FO PROMÈS », yon mizik ki rive fè pou piti sis milyon sètsan mil (6. 7M) vyou sou chanèl « Youtube » pandan yon lane.

Nan fen ane 2020, de (2) atis yo te mete vwa yo ansanm pou te pote mizik sa ki rele  » POUKIN TE MARYE », nan moman yo kite sanse tounen yon Im nasyonal pou fanatik yo ak lòt moun ki ap konsome mizik ayisyen an, mizik sa nan 5 mwa ki rive fè douz milyon (12 M) vyou nan senk (5) mwa sèlman.

 » Engra » se dènye mizik de (2) jèn atis yo mete deyò nan yon semèn sèlman ki gentan rive fè yon milyon uisan mil (1.8M) vyou sou chanèl YouTube atis K- dilak. N ap fè remake, depi avan rankont de (2) jèn atis sa yo pat gen youn kite janm konn kalite siksè yo ap fè nan moman sa .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …