AYITI/ ENSEKIRITE : SAN TRANT DE (132) MOUN VIKTIM NAN AKSIDAN LADAN YO DIZUIT (18) MOURI 

Òganizasyon « Stop Accident » nan yon bilten yo mete deyò jounen lendi 9 me 2021 an, fè konnen yo anrejistre 38 aksidan sòti semèn 3 pou rive dimanch 9 me a.

Daprè responsab yo nan « Stop Accident », gen 132 moun ki viktim nan aksidan sa yo ladan yo dizuit (18 ) moun mouri ak 114 blese. Pilwen yo fè konnen nan dizuit( 18) moun ki mouri yo, dis (10) ladan yo te sou motosiklèt toujou daprè bilten òganizasyon an .

Seri aksidan sa yo anrejistre nan zòn « Lalue » komin Petyonvil, Delma,  » Bel air », komin okap nan depatman Nò, « Lilavois »,  » Morne Preng ( Bonbadopolis), « Morne Calvaire » ak « Mapoux Cayes » nan depatman Sid peyi Dayiti, daprè bilten òganizasyon  » Stop Accident ».

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …