AYITI/ENSEKIRITE: YON ENSPEKTÈ DIVIZYONÈ ASASINE NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ.*

Enstitisyon Lapolis la, dènye mwa sa yo pa sispann pèdi polisye nan ran li. Enspektè divizyonè, Gabo Désiré tonbe anba bal moun ki te gen gwo zam fann fwa samdi 8 Me 2021 an nan zòn  Latramblay 12, komin Kwadèboukè daprè sa otorite nan Lapolis la fè konnen_ .

Gabo Désiré, enspektè divizyonè jwenn lanmò li nan moman li tap tante dejwe yon anlèvman ki tap fèt nan zòn li te ye a, daprè enfòmasyon enstitisyon an .

Afekte nan biwo KEP ki chita kò li nan Dèlma 34 la, enspektè divizyonè Gabo Désiré mouri pandan li tap fè echanj kout zam ak kriminèl yo ki te gen gwo zam nan men yo.

« Pandan nou ap prezante kondoleyans nou ak fanmi viktim nan, direksyon jeneral Lapolis ap salye depa prematire yon ewo ki sakrifye li anpil », senpatize enstitisyon an.

Direksyon Jeneral Polis Jidisyè gentan louvri yon ankèt nan lide pou chache koupab yo pou yo kapab reponn ak zak yo fè a devan Lajistis.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …