LEMOND / DRAM : SIS (6) MOUN MOURI AK SIS (6) LÒT BLESE NAN YON ATANTA NAN PEYI SOMALI.

Sis ( 6) moun mouri ak sis ( 6) lòt sòti blese nan yon eksplozyon ki fèt ayè swa nan peyi Somali atak sa te vize yon komisarya polis nan « Mogadiscio ». Atak la fèt nan  » Warberi », ki nan sant vil la yon espas ki toujou frekante daprè esplikasyon chèf polis somalyen, Ibrahim Mohamed.

Selon pòt pawòl polis Somali a Sadik Dudishe, fè konnen sis (6) moun ki mouri yo gen kat (4) sivil ak de (2) polisye ki mouri pandan atak la, pami viktim yo yon komisè polis ki te sib nan atak sa .

N ap siyale, jiskaprezan pagen okenn gwoup teworis ki revandike atak sa men, gen gwo dout sou gwoup Al-shabaab yo ki ta dèyè atak sa , paske depi nan lane 2007 ap batay pou ranvèse gouvènman somalyen an .

 

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …