AYITI/ POLITIK : PARTI POLITIK REFÒMIS KRITIKE JESYON KI FÈT NAN PEYI AN DEPI LÈ GEN YON GWOUP MOUN APATRID NAN TÈT LI, MEN PWOPOZE TOU.*

Pati politik refòmis, nan yon dokiman, kritike jesyon ki fèt nan tèt peyi a depi lè yon gwoup moun apatrid, magouyè ki san pèsonalite mare sosis yo ak kominote entènasyonal la pou rive pran pouvwa a.

Daprè pati politik refòmis, lide pou gen yon lòt konstitisyon san pa gen yon asanble konstitiyant se « manke dega » ak pèp ayisyen an.  » Li san sans sitou nan yon peyi demokratik, lè tout enstitisyon yo kraze oubyen an kriz pou w rive soti san pa gen yon akò politik ki jwenn nan mitan pwotagonis yo », kritike pati politik refòmis.

« Lè prezidan repiblik la pran responsabilite pou li chwazi 3 manm konsèy elektoral la sou baz 3 non sosyete sivil la nan chak depatman te pwopoze li se pran popilasyon an pou idyo itil », kontinye dokiman an.

Pati politik refòmis pa sèlman kontante li kritike desizyon ki pran nan pi wo nivo nan Leta a, men gen kèk rekòmandasyon li fè, pami yo :  » Yon kou dapèl nan chak chèf lye depatman; yon sekretèreri Leta sekirite piblik nan chak depatman ; yon sekretèreri Leta alfabetizasyon ; yon sekretèreri Leta pou moun ki andikape ; yon lang kreyòl ki enpoze nan tout nivo nan peyi a; se pa prezidan repiblik la ki dwe nonmen komisè gouvènman yo, men se sou baz konkou pou yo pran yo « .

« Demisyon konsèy elektoral pwovizwa a; yon akò politik ant aktè yo sou kriz politik k ap brase bil peyi a ; kanpe sou koze referandòm nan », se kèk demann pati politik refòmis fè nan konklizyon dokiman an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …