AYITI/REFERANDÒM: DIVÈS SEKTÈ SALYE DESIZYON INYON EWOPEYÈN PRAN POU PA SIPÒTE REFERANDÒM LAN.

Divès sektè nan peyi a tankou sektè politik ak dwa moun salye desizyon inyon ewopeyèn ki deside pa bay okenn sipò ak koze referandòm pouvwa anplas la swete reyalize 27 jen 2021 an ki ap vini la.

Pòt pawòl pati politik òganizasyon pèp ki ap lite (OPL), Dario Cyriak, bat bravo le fèt ke inyon ewopeyèn pap sipòte referandòm lan nan peyi a epi mande ak popilasyon an pou kontinye fè echèk ak demach pouvwa anplas la. Se prèske menm deklarasyon sa bò kote manm (MOPOD), Serge Jean Louis, ki mande ak lòt fòs demokratik epi lòt peyi nan mond lan ki ap sipòte demokrasi pou fè menm jès ak inyon ewopeyèn pou ede pèp ayisyen an pa pran nan plan makavyelik PHTK ap manniganse kont pèp la.

Direktè egzekitif rezo nasyonal ki ap defann dwa moun ( RNDDH), Pierre Esperance, ki kwè se yon bon bagay le fèt ke inyon ewopeyèn pa danse kole ak pouvwa nan referandòm lan, defansè dwa moun lan kwè se depi lè konsèy elektoral pwovizwa monte inyon ewopeyèn te di yo pa nan danse kole ak pouvwa akoz yo ap fonksyone dèyè do lalwa.

Nou ap siyale, malgre plizyè echèk manm konsèy elektoral pwovizwa pran nan divès komin nan peyi Ayiti gouvènman anonse yo toujou kenbe dat 27 jen 2021 an, pou kapab reyalize referandòm lan nan peyi a.

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …