FEDERASYON AYISYÈN  PITI  AK MWAYÈN ANTREPRIS  YO (FHAPME) ENFÒME PIBLIK LAN ENSTITISYON AN EGZISTE 

Nan yon konferans pou laprès madam Enerve Toussaint Borges bay nan tèt kole ak minis komès la, mesye Jonas Coffy, prezidant FHAPME a Marie Yanick jounen Madi 11 Me 2021 an  fè konnen nan kad ranfòsman enstitisyonèl FHAPME se fon miltinasyonal envestisman ki finanse li kote yo benefisye yon asistans teknik ki pèmèt li mete sèvis devlopman antrepriz ( SDE) a sou pye._

Daprè madam Enerve Toussaint Borges, Wòl SDE a se fasilite mache sèvis komèsyal yo ak ti osnon mwayèn antrepriz yo nan similasyon « l’offre et la demande ».

« Nan sousi bou bay ti ak mwayèn antrepriz yo plis jarèt, federasyon ayisyen piti ak mwayèn antrepriz yo (FHAPME) chwazi òganize yon asiz pou redinamize ofisyèlman SDE a nan sans pou enfòme piblik la premyeman enstitisyon an egziste e anplis kijan pou li fè pou linka gen aksè ak sèvis yo », deklarasyon madam Borges.

Bò kote pa li, minis komès ak endistri a, Jonas Coffy bat bravo lankontman pou pwojè sila.

 » M kontan pou mwen la paske sa banm posibilite, atravè minis komès ak endiskri, pou m raple pwomosyon administrasyon Moïse-Joseph la toujou ap fè pou  devlopman piti ak mwayèn antrepriz yo », deklare minis komès ak endistri a, Jonas Coffy.

« Redinamizasyon SDE a ap pèmèt nou reyalize yon pakèt objektif tankou amelyore fòmasyon antreprenè ki nan sektè « petite et moyenne entreprise » yo pandan n ap ba yo yon fòmasyon debaz nan management; ranfòse sistèm administratif mwayèn ak ti entrepriz yo pandan n ap ba yo yon pakèt zouti administratif ki efikas », se kèk nan objektif prezidant FHAPME  a, madam Marie Yanick te deklare nan mikwo laprès.

N ap raple seremoni sila a te dewoule prezans yon senkantèn òganizasyon ki nan sektè mwayèn ak ti antrepriz.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …