MENFP ENVITE TOUT AKTÈ AK PATNÈ LI POU YO ENPLIKE YO NAN SOUSI POU GOUMEN KONT TOUT FÒM VYOLANS NAN SOSYETE A.

Ministè le1dikasyon nasyonal, nan yon nòt pou laprès li mete deyò  Lendi 10 Me 2021 an, envite tout aktè ak patnè l li yo pou yo angaje nan batay k ap fèt kont tout fòm vyolans nan sosyete a._

Envitasyon pou batay kont vyolans lan vini bò kote ministè ledikasyon nasyonal aprè yon videyo ki t ap sekile sou rezo sosyal yo semèn ki sot pase a kote yon paran, anndan yon lekòl, t ap kale pitit li.

« Ministè ledikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl deplore epi kondane chatiman kòporèl ki pa egziste nan sistèm edikatif depi lontan epi lalwa entèdi « , li nan nòt la.

Ministè ledikasyon nasyonal raple lwa ki te parèt nan jounal lemonitè 1 oktòb 2001 an, nimewo 80 nan atik 1 ki di : » Kèlkswa nati move tretman a, li te mèt chatiman kòporèl kont timoun sa entèdi », sa vle di lalwa klè sou sa.

Yon lòt kote, ministè ledikasyon nasyonal mande pou paran, direktè ak pwofesè lekòl respekte diyite timoun nan ki se yon moun menm jan ak yo.

Daprè ministè ledikasyon nasyonal, anpil etid fèt pou moutre itilizasyon vyolans kòporèl sou timoun nan lide pou sanksyone yo pa janm bay bon rezilta.  » Li gen yon pakèt enpak negatif sou devlopman timoun nan ak byennèt li », raple ministè a.

Nan sousi pou mete fen ak tout pratik sa yo ki entolerab ak inakseptab ministè ledikasyon nasyonal mande tout aktè ak patnè l yo mete men nan pat la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …