LEMOND /AFWONTMAN :  » IZRAYÈL PRAL ENTANSIFYE ATAK LI YO KONT HAMAS » DEKLARASYON PREMYE MINIS BEYAMIN NETANYAHOU .

Premye minis peyi Izrayèl la, Beyamin Netanyahou, anonse li pral entansifye kont gwoup « Hamas » yo, ki ap met presyon sou gwoup Gaza yo ki depi plizyè jou ap simen latwoublay nan peyi Izrayèl.

 » Depi lendi 10 Me a , Lame a mennen plizyè santèn atak kont « Hamas » ak Jihad islamik yo nan Gaza, e nou pral ankò entansifye pwisans atak nou yo », deklarasyon premye minis Benyamin Netanyahou nan yon videyo ki ap sikile sou sèvis kominikasyon gouvènman, pi lwen premye minis Netanyahou deklare gwoup « Hamas » yo pral pran yon rakle ke yo pat janm atann.

Premye minis lan fè deklarasyon sa yo aprè lanmò de (2) izrayelyèn, nan vil  » Ashkelon » ki nan Sid Gaza.  » nou deplore lanmò de (2) konpatriyòt nou yo, et mwen ap mande pou respekte tout enstriksyon sekirite yo » se sa premye minis Beyamin Netanyahou ajoute.

Lame peyi Izrayèl nan atak yo kont gwoup Jihad Islamik yo ki nan Gaza, deja touye venn sis (26) moun mouri pami yo timoun selon dènye bilan ministè sante peyi Izrayèl.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …