LEMOND / TANSYON : FRAP PEYI IZRAYÈL YO SOU « GAZA » TOUYE SENKANT SIS (56) MOUN AK YON « BILDING » DETWI .

Afwontman ant peyi Izrayèl ak « Bande Gaza » yo kontinye jounen mèkredi 12 Me 2021an lame peyi Izrayèl nan yon bonbadman touye 48 moun epi detwi yon « bilding » ki gen plizyè etaj ki fè plizyè mò daprè premye bilan yo .

Depi lendi lame peyi Izrayèl ap toke kòn yo ak  » bande Gaza » yo, nan yon frap jounen mèkredi a lame peyi Izrayèl touye pou piti senkant sis (56), ak yon « bilding ». Selon enfòmasyon sèvis ransèyman enteryè peyi izrayelyen, fè konnen yo touye chèf « Gaza » Bassem Issa ak twa lòt lidè nan òganizasyon palestinyen. Chèf sèvis la Shin Beth, pilwen di lame Izrayèl la touye Jamaa Thala, kise bra dwat Mahommed Deif ak Ganam Zabda, ki se chèf devlopman teknolojik Khazem Khatib la, kise patwon depatman enjenyè Hamas la.

N ap siyale, depi lendi seri afwontman yo tanmen ant lame Izrayèl la ak « Bande Gaza » yo deja touye pou piti yon santèn moun ak plis pase desan ( 200) blese pandan atak yo. Yon atak premye minis Benyamin Netanyahou, te anonse ayè madi a lèl te di :  » Izrayèl pral entansifye atak yo kont  » Bande Gaza » yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …