AYITI/POLITIK:INISYATIV PATI POLITIK POU AVANSMAN AK CHANJLAN (IPPAC) MANDE NOMINASYON YON PREMYE MINIS AK YON GOUVÈNMAN INYON NASYONAL*

Inisyativ pati politik pou avansman ak chanjman (IPPAC) mande pou prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 12 Me 2021 an, nonmen nan yon tan ki pa twò long yon premye minis ak yon gouvènman inyon nasyonal.

_Fenomèm ensekirite ak kidnaping nan pa sispann taye banda nan peyi Dayiti. Fas ak sityasyon sa, sekretè (IPPAC) la, Romual David mande pou Jovenel Moïse nonmen yon premye minis ak yon gouvènman inyon nasyonal pi rapid posib paske yo « bouke ».

Referandòm nan dènye tan sa yo, anndan sosyete a, lakoz anpil bat bouch fèt. Inisyativ pati politik pou avansman ak chanjman, parapò ak sa pa rete endiferan.

« Prezidan Jovenel Moïse dwe tande vwa pati politik yo pou pwojè referandòm nan ka reyisi paske se yo ki pi pwòch popilasyon an, » enfòme Romual David.

« Konsa, majorite pati politik sa yo ap rive patisipe nan bon jan eleksyon lib, onèt ak demokratik paske eleksyon se sèl zouti k ap ede nou renouvle pèsonèl politik nou yo », daprè menm sous lan.

Boutofen, Romual David mande pou konsèy elektoral pwovizwa ki la ki gen misyon pou òganize ranferandòm nan revize.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:depozi

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …