AYITI/SOSYETE: DEPATMAN MEDIKAL INIVÈSITE ( CUDI) ÒGANIZE YON JOUNEN PÒT LOUVRI AK KONSILTASYON POU MOUN NAN DEPATMAN NIP.

Depatman medikal nan sant inivèsite devlopman ak entegre (CUDI), òganize nan okazyon jounen entènasyonal fèt enfimyè yo yon jounen pòt louvri ak yon konferans pou etidyan inivèsite a anba tèm:  » la santé communautaire et droit à la santé » .

Responsab relasyon piblik nan inivèsite a Wilfince Mombrun, fè konnen konferans lan te de (2) entèvenan espesyalis nan sante kominotè Ridson Renard ak batonye lòd avoka miragwàn lan mèt Saurel Frantz ki te vin debat sijè a pou etidyan yo. Pilwen Pwofesè Wilfince Mombrun, ajoute aktivite sa fèt nan objektif pou te kapab pemèt etidyan ki nan depatman medikal inivèsite ki nan syans enfimyè, teknoloji medikal, elatriye mete yo nan yon anbyans pou te kapab aprann etidyan sa yo konnen rapò ki egziste ant sante ak la lwa sitou nan peyi Ayiti.

Nou ap siyale, pandan jounen fèt enfimyè yo inivèsite (CUDI), te tou pwofite òganize yon jounen konsiltasyon ak moun ki ap viv nan komin miragwàn ak zòn ki anviwonnenl yo.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …