AYITI/LANMÒ: OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN ENDINYE E LI MANDE POU KOUPAB YO SANKSYONE.

_Ofis pwoteksyon sitwayen, nan yon nòt pou laprès li soti jounen mèkredi 12 Me 2021 an, fè konnen lanmò vyolan Peguy Siméon an endinye yo e li mande, nan sans sa pou gen yon ankèt ki mennen pi rapid posib pou sanksyone koupab yo._

« Ofis pwoteksyon sitwayen eksprime endinyasyon yo apre lanmò vyolan mesye Peguy Siméon dimanch 9 me 2021 nan Wanament, depatman Nòdès peyi a », ekri nan nòt la.

Ofis pwoteksyon sitwayen, gras ak enfòmasyon li jwenn nan men reprezantan li yo ki nan Wanament ak sou rezo sosyal, fè konnen Peguy Siméon jan mouri nan yon sant ospitalye nan Wanament apre ajan polisye yo te fin maspinen l.

« Kò moun envyolab. Otorite Lapolis yo ki gen misyon pou pwoteje ak sèvi dwe fèt tout sa ki posib pou yo ka respekte eskripilezman entegrite fizik, moral ak sikolojik tout èt imen », raple ofis pwoteksyon sitwayen.

« Ofis pwoteksyon sitwayen egzije yon ankèt rapid e mande tou pou gen sanksyon ki pran kont moun osnon gwoup ki kòmèt zak vyolasyon dwa moun sa », egzije ofis pwoteksyon sitwayen.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …