AYITI /JISTIS : DCPJ REMÈT RAPÒ DEFINITIF LI AK DE (2) LÒT ENDIVIDI NAN DOSYE LANMÒ MÈT DORVAL .

Yon delegasyon direksyon santral polis jidisyè (DCPJ), remèt jounen mekredi 13 me 2021 an, rapò definitif li sou zak asasinay ansyen batonye lòd avoka pòtoprens lan Monferrier Dorval ak jij enstriktè Rénord Registe.

Delegasyon (DCPJ) a , tou remèt de (2) lòt moun yo arete pandan ankèt la ki se Gerson Laurent ak Mario Delva. Majistra enstriktè a ki te drese pwosè vèbal entèwogatwa premye konparisyon de (2) endividi avan li te fè mete yo nan yon prizon nan kapital la.

Gerson Laurent, Mario Delva, Modler Séneégeau alyas Abidy, Valéry Dort , Makender fils -Aimé ak Dunès Vilpique, se non sis (6) endividi sa yo direksyon santral polis jidisyè deja arete nan ankèt ki ap mennen sou asasinay ansyen batonye mèt Monferrier Dorval lakay li nan pèleren senk (5) 28 Dawou 2020 pase a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …