LEMOND/JISTIS : ANSYEN POLISYE DEREK CHAUVIN SOU WOUT POU PRAN KENZ (15) OU BYEN VEN LANE (20) PRIZON .

Ansyen polisye blan Derek Chauvin, ki rekonèt koupab nan lanmò Georges Floyd la sou Wout pou pran pou plis 30 lane prizon nan dat venn senk (25) jen k ap vini la.

Jounen mèkredi 12 Me a, jij Cahill retni kat( 4) faktè grav kont Mouche Derek Chauvin, ki rekonèt li koupab nan mwa avril la nan lanmò afwo-ameriken Georges Floyd. Yon seri eleman ki kapab lakoz tribinal la revize pèn Derek Chauvin, ki ta dwe kenz (15) lane paske krim li komèt la se yon krim dezyèm degre.

Lajistis « Minnesota » ki gen yon sistèm ki mezi pèn yo sa yon majistra dwe swiv, krim ansyen polisye Derek Chauvin, ki komèt yon krim dezyèm degre alòske lwa sou pèn sa yo sòti kenz (15) pou rive karant (40) lane.

Yon lide avoka, pwofesè nan inivèsite Mitchell Hamline, nan vil « Minnesota », Ted Sampsell-Jones ki rete kwè nan yon kou sipriz jij la kapab pwononse yon pèn sòti ven (20) pou rive venn senk (25) lane kont Derek Chauvin.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …