AYITI/SOSYETE: SQUAT, YON SISTÈM KI AP CHACHE MOUN KI PLIS KALIFYE POU EDE YO GEN AKSÈ AK MACHE TRAVAY LA.

_Sistèm kalifikasyon aksè ak travay ( SQUAT), se yon sistèm ki la daprè madam Monica Del Sarto ki se responsab SQUAT la, pou bay jarèt ak fòmasyon pwofesyonèl nan tèt kole avèk lòt patnè pwojè a tankou ministè edikasyon pwofesyonèl ak fòmasyon pwofesyonèl, chanm komès, anpil asosyasyon lokal ak òganizasyon sosyete sivil._

 » Kalifikasyon ak aksè travay la vle di nou ta renmen amelyore kalite « de lòf fòmasyon an parapò ak bezwen mache a « , esplike Monica Del Sarto.

Rhony E. Desrogene, bò kote pa li fè konnen Squat la se yon pwojè anbasad peyi Laswis.  » Yo ap chache yon ansanm moun ki pi kalifye pou mete sou mache travay la », deklarasyon Rhony E. Desrogene.

Nan kad travay ki tap fèt pou anbasad peyi Laswis te ka plis konn teren an, yon ankèt sou ensèsyon pwofesyonèl te fèt, selon mesye Derogenes, nan yon pakèt antite nan Leta a, sosyete sivil la, kèk « firme » konstriksyon ak sant fòmasyon pwofesyonèl.

« Nou tonbe sou yon pwojè platfòm nimerik ki enteresan, nan sans gon pakèt antrepriz, sant fòmasyon, enstitisyon nan Leta ak sosyete sivil nou ka regwoupe yo pou yo kapab fè kèk bat bouch ant yo menm epi si yo gen travay yo ap bay yo kapab poste li », fè konnen Rhony E. Desrogene.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …