AYITI EDIKASYON :YON GWOUP ANSEYAN NAN KOMIN SITE SOLÈY DENONSE MOVE KONDISYON YO AP ANSEYE TIMOUN

Nan okazyon jounen nasyonal anseyan yo lendi 17 me 2021 an, yon gwoup anseyan nan komin site solèy leve vwa yo byen wo pou  denonse move kondisyon yo ap mete pen enstriksyon nan asyèt timoun yo nan lide pou yo ka genyen ti moso konesans.

Anseyan sa yo fè konnen se nan kondisyon malouk yo ap travay nan lekòl ki nan site solèy yo, kote lè lapli tonbe se nan dlo santi pou yo foure pye yo pou yo ale travay, nan lakou lekòl yo menm se fatra kap taye banda, yo pa janm dekouraje vin travay ak timoun yo.

Yon lòt kote, enstititè yo deklare, prèske chak jou se anba gwo kout bal yo ap vin fè kou pou timoun yo, alòske direktè lekòl yo pa vle peye yo kote se yon bouda monnen ki pa menm rezonab yo ba yo.

Fòmatè sa yo kontinye pou yo di yon anseyan nan nivo premye ane fondamantal pou rive nan 6 zyèm ane fondamantal ap touche 3500 goud a 4000 goud chak mwa.

Anseyan yo tou pwofite pou mande minis levasyon nasyonal la antanke anseyan parèy yo pou voye je gade etablisman eskolè nan komin lan ak move kondisyon anseyan yo ap travay, mesye dam sa yo fè konnen yon gen madan, mari ak pitit sa yo ap touche pa ka reponn yo ak bezwen yo.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …