TOP MODÈL NAHOMIE CAMPBELL MANMAN POU PREMYE FWA PANDAN LI GEN 50 LANE SOU TÈT L

Mannken britanik la devwale yon foto nan jounen madi 18 me 2021 a sou enstagram kote li pa bay okenn detay, ni non timoun nan, ni dat ak nan ki sikonstans li fèt.

Nahomie Campbell ki gen  50 lane sou tèt li avèk foto pye timoun nan fè anpil pale sou rezo sosyal yo. Pou anpil moun ka swiv li sou nèt lan sa se yon sipriz lè yo wè foto premye pitit fi Nahomie Campbell.

« Yon mirak chwazi mwen pou mwen  se manman li.  Mwen onore pou mwen  gen bèl nanm dous sa nan vi mwen « , ekri Nahomie Campbell akonpanye ak foto pye timoun nan sou kont Instagram li.

Mannken Britanik, Nahomie Campbell pi lwen fè konnen li pa gen mo pou li dekri lyen endefektib sa dezòmè lap pataje avèk ti lèzanj li a.

Nahomie Campbell pou kounya ap viv nan peyi Etazini, patiklyèman nan vil Nouyòk.

Anpil pèsonalite nan monn sinema ak mòd pa pran tan pou reyaji ak enfòmasyon kote Nahomie Campbell vin manman pou premye fwa ak 50 lane sou tèt li. Pami selebrite sa yo gen dizaynè ameriken an Marc Jobs ak Aktris Zoé Zeldana avèk tou Jodie Turner- Smith daprè laprès entènasyonal.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …