ESPÒ/KOUP EWOP:SELEKSYONÈ EKIP LAFRANS LAN  KONVOKE KARIM BENZEMA APRÈ 5 LANE AK PLIZYÈ MWA.

Seleksyonè ekip Lafrans, aprè 5 lane ak plizyè mwa  konvoke Karim Benzema jounen Madi 18 me 2021 an nan lis jwè li chwazi k ap gen pou al jwe koup Dewòp k ap vini an._

Karim Benzema nan jounen 18 me a make retou atakan Real Madrid la nan seleksyon Fransè a. Didier Deschamps mete non Karim Benzema nan lis 26 jwè li chwazi ki pou ale reprezante peyi Lafrans nan konpetisyon kontinental ki gen pou vini nan pa twò lontan.

« Nou wè. Nou pale pandan anpil tan. M pran desizyon mwen . Mwen  pap kòmante li », reyaji seleksyonè Fransè a, Didier Deschamps.

5 lane ak 6 mwa se tan sa Karim Benzema genyen depi l pa t janm pote koulè Lafrans depi aprè istwa sèks tep avèk Mathieu Valbuena a nan fen lane 2015.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:equipe

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …