AYITI/KOMEMORASYON: JOVENEL MOÏSE DENONSE KONFYANS KI PA GENYEN NAN MITAN AKTÈ POLITIK YO ANNDAN PEYI A.

Nan okazyon komemorasyon 218 lane drapo ayisyen an genyen depi li te fèt, jounen 18 me 2021 an, Jovenel Moïse denonse konfyans ki pa genyen nan mitan aktè politik yo ki lakoz peyi a toujou gen kraze brize ki ap fèt ladann.

« Fòk nou sispann bay kou nan do. Eksperyans mwen ap viv la pa gen anpil moun ki ap viv li nan peyi a. Se sèl mwen ki ap viv li. Ou gen dwa pale pi bon koze ou konnen a 8è nan aswè, a 1è nan maten epi demen maten nan jounal premye okazyon , moun ou te pale ak li a vin mekonesab », deklarasyon chèf Leta a Jovenel Moïse.

« Lè w rele li vè 8è nan maten, li di w prezidan se politik mwen ap fè. Sa vle di politik nou ap fè fòk peyi a rete jan li ye a », kontinye Jovenel Moïse.

Daprè Jovenel Moïse se konfyans ki pa gen ant aktè politik ki lakoz peyi a nan estabilite politik ak ekonomik li twouve li jounen jodi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …