AYITI/POLITIK:PREZIDAN JOVENEL MOÏSE PRECHE INITE NAN OKAZYON FÈT DRAPO A.

Prezidan repiblik la Jovenel Moise, nan tèt yon delegasyon jounen madi dizuit (18) me 2021 an depoze yon jèb flè pou komemore desan dizuityèm (218) kreyasyon drapo nasyonal la .

Chèf Leta, nan mesaj li mande lapè nan mitan tout pitit peyi a paske li fè konnen drapo nasyonal la vle di se inite ki te gen ant nwa yo ak milat yo pou te kapab bay peyi a endepandans, pilwen premye sitwayen nasyon an kwè okenn peyi pa kapab devlope sans resous moun li yo.

Yon lòt kote, prezidan repiblik la ki di wè pa wè ap gen eleksyon nan fen ane 2021 an, li deklare lè li  tap pran pouvwa se nan eleksyon li te ale konsa yon lòt moun ki vle pran pouvwa dwe pase nan menm wout la ki se eleksyon, paske li rete kwè tout peyi ki ap mache dwe gen yon politik estab konsa pwogrè ap kreye nan mitan nasyon an.

Pou fini, chèf Leta Jovenel Moise, ki mande ak pèp la pou patisipe nan referandòm konstitisyonèl la ki ap fèt 27 jen ki ap vini an swa pou di wi ou byen non ak referandòm konstitisyonèl la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …