AYITI / DYASPORA  : DIVÈS KONPATRIYÒT NAN PEYI ETAZINI  MANIFESTE POU MANDE OTORITE AMERIKEN YO POU PA  SIPÒTE POUVWA ANPLAS LA .

Plizyè  ayisyen ki ap viv nan  peyi Etazini, manifeste madi dizuit (18) me 2021 an, nan Wachintonn kapital peyi Etazini pou mande ak otorite ameriken yo pou  sispann sipòte prezidan repiblik la Jovenel Moise.

Dyaspora sa yo ki apiye yo sou atik 134-2 konstitisyon an, pou di manda prezidan repiblik la Jovenel Moise fini depi sèt (7) fevriye 2021. Pandan yo pwofite pou denonse referandòm pouvwa pwograme pou venn sèt (27) jen ki ap vini la. Yo siyale konstitisyon mil nèf san katreven sèt (1987) la, entèdi tout chanjman atravè referandòm.

Manifestan yo ki te gen pankat nan men yo, te pwofite raple ak prezidan ameriken an, Joe Biden, pwomès li te fè pandan peryòd kanpay la pou pa sipòte dirijan kòwonpi ki ap vyole lalwa Ayiti.  » sispann pwoteje rejim tèt kale a » kèk mesaj sou pankat yo, pwotestatè yo ki menase pou pa vote kandida demokrat yo nan eleksyon ki ap vini la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …