AYITI/LISTWA: YON JOUNEN ATELYE LEKTI POU MAKE DAT FÈT TOUSEN LOUVÈTI.

Yon jounen atelye lekti òganize sou lavi ak istwa Toussaint Louverture, yon aktivite ki òganize sou inisyativ klèb literè limyè demen (LIDE). Selon sa istwa rapòte Tousen Louvèti te fèt dis nèf (19) mil sèt san karant (1740) sou bitasyon Breda .

Kòdonatè klèb literè (LIDE) a Jean Hydralte Desormice, fè konnen atelye lekti sa òganize nan jou fèt Toussaint Louverture a se pou kapab aprann jèn yo konnen istwa ak lavi Ewo nou yo epi swiv yo, entèprete sa yo te konn fè ki bon pou kapab chanje vizaj peyi sa. Pi lwen Mouche Desormice, fè konnen atelye lekti a te reyalize sou  » La Vrai Histoire de Toussaint Louverture » yon ekstrè nan liv ekriven Jean Fouchard, ki prezante Toussaint Louverture kòm yon tras chemen ki mennen ak endepans peyi d Ayiti.

Kòdonatè klèb literè limyè demen an, ki ankouraje jèn yo ki nan depatman Nip pou kwè nan lekti konsa yo va vin konnen istwa peyi a, daprè li se mwayen ki kapab devlope peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …