AYITI/ANIVÈSÈ: YON ETWAL NAN PRÈS AYISYÈN NAN AP SELEBRE 23 LANE LI EPI PREMYE ANE LI NAN MEDYA.

Angeline Michel, se non kolaboratris Echo Jounal, ki ap fete anivèsè li jounen mèkredi 19 me 2021 an an menm tan premye ane li nan près la, Jounalis la ki fèt yon 19 me kou jodi a nan seksyon kominal Labadi, yon seksyon nan Komin Plezans depatman Nò. Jounalis la, fè etid primè li nan lekòl nasyonal Pilboyo, etid segondè li nan kolèj Mari rèn  » collège Marie reine », aprè sa li rantre nan  » Ku production » pou li te etidye jounalis .

Dis nèf (19) me 2020 li antre nan Echo Jounal, kòm estajè nan mwa jen li vin jounalis medya a, depi mwa Oktòb 2020 Angeline Michel, monte kòm direktris enfòmasyon (DI) nan Echo Jounal, akoz kapasite li ak devouman pou egzèse metye jounalis la.

Jounalis Echo Jounal yo, temwanye konsè a toujou fè travay li ak tout pwofesyonalis, yo dekouvri lakay li yon moun saj, yon kolaboratris ki prè pou montre tout moun, ak aprann kote tout lòt anplwaye medya a.

Nan sans sa, nan non direksyon jeneral ak administrasyon, jounalis ki fè pati Echo Jounal yo wete chapo yo byen ba pou swete direktris enfòmasyon (DI) jounal la, Angeline Michel, yon bòn fèt paske li fè prèv fanm vanyan li nan travay pou fè lektè ak lektris Echo Jounal yo plezi.

Echo Jounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …