AYITI/SOSYETE : BAWO MIRAGWÀN ÒGANIZE YON RETRÈT NAN JOUNEN FÈT AVOKA YO

Bawo Miragwàn òganize jounen dis nèf (19) me a yon retrèt nan komin Tirivyè pou te kapab selebre fèt avoka yo, ki fete menm jou ak Sentiv.

Nan entèvansyon li, batonye lòd avoka miragwàn lan mèt Saurel Frantz, fè konnen pandan jounen retrèt la , bawo a te reyalize divès aktivite pami yo yon atelye refleksyon sou pwofesyon avoka nan peyi Ayiti. Mèt, avoka ki fè konnen avoka yo pat ka gwo koze ane sa paske kriz sosyal ak politik la te gen gwo konsekans sou pwofesyonèl dwa yo.

Sou bò pa yo, mèt Jonas Simphil ak mèt Gerald Cadet
, montre kè kontan pou yo te patisipe nan retrèt sa pandan yo ale nan menm sans ak batonye a ke yo pat kapab fè pi gwo aktivite akoz enstabilite politik la, fè gwo konsekans sou pwofesyon an nan tout dizuit (18) jiridiksyon yo.

Nou ap siyale, bawo avoka yo nan jiridiksyon Ansavo te òganize aktivite pandan jounen an pou dis (nèf) me 2021 an, pou te kapab fete ak avoka ki fè pati jiridiksyon Ansavo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …