AYITI/EDIKASYON/KOWONAVIRIS: MENFP MANDE POU JÈS BARYÈ YO RESPEKTE NAN LEKÒL YO.

_Daprè ministè sante piblik ak popilasyon, gen 2 nouvo varyan nan maladi Kovid-19 la ki detekte an Ayiti. Ka kontaminasyon ak moun ki ap mouri ap ogmante lejèman. Fas ak sityasyon sa, ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP), nan yon nòt pou laprès mande pou tout jès baryè yo respekte anndan lekòl yo_ .

« MENFP envite tout kominote ki ap patisipe nan aktivite lekòl pou mete an aplikasyon jès baryè yo tankou : mete kachnen, distans fizik ak lave men », mansyone nan nòt pou laprès la.

MENFP egzije, nan sans sa pou direktè lekòl ak responsab inivèsite yo fè tout mwayen posib yo pou fè mezi sa yo aplike nan lekòl yo ak espas edikatif yo nan sousi pou pwoteje lavi epi redui nan jan maladi a ap vale teren.

« MENFP konte sou angajman tout ajan edikatif, patiklyèman paran, pwofesè élèv osnon etidyan nan batay l ap mennen pou konsiy sanitè yo respekte », fè konnen nan nòt la.

« Evite miyò pase mande padon, an nou pwoteje tèt nou ak lòt : An nou pote mask, respekte distans fizik e lave men nou », konkli nòt la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …