AYITI/ESPÒ: « JEAN LÉONARD TOUT PUISSANT (IZOLAN) PRAN YON GWO DESIZYON KONSÈNAN AVNI LI NAN EKIP AKAYÈ A.

_Nan yon mesaj li poste sou kont fesbouk li, Izolan fè konnen li demisyone nan pòs prezidan ekip Akayè a mèkredi 19 me 2021 an_ .

« Mwen menm Izolan (Jean Leonard Tout puissant) mwen pran desizyon pou mwen pa patisipe ni pran ankenn inisyativ nan koze sosyal, kiltirèl ak espòtif nan komin Akayè », ekri sou kont fesbouk Izolan.

« Apre tout angajman ke mwen te pran nan batay pou te fè Akayè jwenn yon anbilans epi pran chaj pou yon lanne pou kenbe anbilans lan nan bon jan fonksyonnmann jodi a yon ti gwoup nèg ak zam chwazi deside kanpe anfas mwen », fè konnen mesaj la.

Desizyon pou kite tèt ekip Akayè a vini, daprè rapè a, apre yon ti gwoup nèg ak zam sa yo chwazi pase an aksyon 18 me 2021 ki sot pase a. « Nan moman te gen yon festival ki tap fèt pou te ka jwenn kòb poun peye dèt ekip Akayè a nan CONCACAF ak prim match yo, nèg san fwa ni lwa sa yo deside pase an aksyon », toujou daprè mesaj ki poste sou kont fesbouk Izolan.

Pou atis la, « se fòs fè nwa yo ki vle sal imaj Akayè yon kote li bay tout sa li genyen kòm moun ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …