ESPÒ/CFU: YON KLÈB PEYI DAYITI RIVE CHANPYON NAN CFU EPI PRAN PI FÒ DISTENKSYON KI TE GEN NAN TOUNWA A.

_Cavaly as ranpòte Flow Caribbean Club Championship la pandan li malnennen ekip Inter Moengo Tapoe a (3-0). Gras ak viktwa sa, ekip Cavaly As domine CFU Championship 2021 an._

Cavaly As, gras ak 2 gòl jènn bitè 20 lane yo a, Gamaël Dorvil ak yon gòl Monumat Constant Junior yo rive mete do ekip Inter Moengo Tapoe atè epi ranpòte final la.

Klèb peyi Dayiti a, Cavaly As pran yon pakèt distenksyon ki te gen nan tounwa a tankou : meyè gadyen ki se Emmanuel Saint- Félix ; meyè bitè, meyè jwè ak meyè jènn jwè ki se Gamaël Dorvil ki se nèg Kafou, men ki gen pwòch li Miragwàn.

Nan kad tounwa sa, Cavaly As bat Sherpenheuvel, klèb peyi Curaçao (3-0); li bat Olympique de Cayenne, klèb Guyane Française (5-0); li bat Hope international FC, klèb Saint-Vincent ; li bat As Samaritaine, klèb Martinique (2-0) anvan li te al imilye ekip Inter Moengo Tapoe a, klèb peyi Suriname (3-0).

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …