ESPO/FOUTBOL: ZIDANE FÈ YON KRAZE KITE SA NAN PÒS ANTRENÈ EKIP REAL MADRID LA.

Nan yon kominike pou laprès la, Real Madrid anonse Zidane kite ekip la jounen Jedi 27 me a.

Jan sa te anonse depi ayè nan aswè nan laprès espanyòl, klèb marennge a konfime depa antrenè fransè a, Zidane nan tèt ekip la.

Daprè Real Madrid, se Zidane ki chwazi pou li pa kontinye antrenè ekip la. Nan sans sa, li lib pou li dirije nenpòt lòt klèb li vle.
« Real Madrid fè konnen Zinedine Zidane deside mete fen nan sezon aktyèl li nan pòs antrenè klèb la. Fòk nou asepte desizyon li lan pandan nou ap temwanye li gratitid, respè nou gen pou pwofesyonalis li, devouman li ak pasyon li pote pandan tout lane sa yo e pou tout sa li reprezante pou Real Madrid.
Zidane se youn nan gran mit klèb la. Lejann li a ale pi lwen parapò ak sa li reprezante ni kòm jwè, ni kòm antrenè. Li konnen li nan kè madrilèn yo e Real Madrid se ap toujou lakay li »

Nou ap raple, pandan dezyèm pasaj li nan mezon blanch lan, Zizou pa rive mennen yon twofe Ewopeyen nan kay la.  Pou sezon 2020-2021 an, antrenè fransè a pa ranpòte okenn tit ak ekip la.

 

Jackson junior Rinvil

kredi foto: RFI

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …