AYITI/FÈT MANMAN : MINIS KONDISYON FEMININ AK DWA FANM YO WETE CHAPO LI DOUVAN KOURAJ AK DETÈMINASYON FANM YO NAN PEYI A

Nan okazyon jounen 30 me 2021 an ki se fèt manman nan peyi Dayiti, minis kondisyon feminin ak dwa fanm yo wete chapo l pou l salye kouraj ak detèminasyon fanm yo nan peyi a._

« M ap swete fanm vanyan nou yo alawonbadè bòn fèt, anpil kouraj ak detèminasyon nan batay pou n kwape esklizyon, chomaj, ensekirite pou n rive gen yon peyi kote tout pitit li yo jwenn dekwa pou yo viv nan lapè san vyolans ak diskriminasyon », pawòl Marie Giselhaine Mompremier, minis kondisyon feminin ak dwa fanm yo an Ayiti.

Nan lane 2021 an, fèt manman rive an pandan kowona viris la ap mete latristès nan kè anpil ayisyen. « Nan jounen 30 me a ki se fèt manman yo, kote kovid-19 la ap vale teren, yon panse espesyal pou tout manman ki trape viris la oubyen yon manm nan fanmiy lan », pawòl minis la nan lide pou li solidè ak manman ki viktim dirèkteman osnon endirèkteman nan pandemi kowona viris la an Ayiti.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …