LANSMAN OFISYÈL FEDERASYON AK ÒGANIZASYON FANM YO POU EGALITE DWA MOUN YO.

Federasyon òganizasyon fanm yo pou egalite dwa moun ki gen sig li nan lang fransè ki se FODEFEDH, se non yon estrikti fanm tounèf ki lanse nan jounen fèt manman  dimanch 30 me 2021 an nan komin Dèlma

FEDOFEDH se yon estrikti ki gen pou misyon pou li bay bourad nan batay k ap mennen pou ranfòse dwa fanm yo an Ayiti, daprè direktris estrikti a, madam Novia AUGUSTIN.

Sekretè jeneral pati PLANSPA ,politològ Frantz Neptune bò kote  pa li, nonsèlman bat bravo lankontman pou jan pati politik pa la anbrase lansman FODOFEDH la, men tou li fè konnen li konsyan sityasyon sosyal ak ekonomik fanm yo ye a difisil se pou sa li mande desidè politik yo pou batay nan lide pou gen parite ant fanm ak gason nan peyi a.

Pati politik PLANSPA ak plizyè lòt patnè, se yo menm ki sipòte inisyativ sila. Seremoni an dewoule an prezans yon pakèt otorite tankou : minis kondisyon feminin ak dwa fanm yo, Marie Giselhaine Mompremier; Direktè egzektif FOSREF la, doktè Fritz Moïse ; Prezidan rezo jounalis ayisyen yo nan zafè sante, Odilet Lespérance ak reprezantant Goergetown University, Rachel Labbé COQ ki tap swiv konferans lan anliy.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …