LEMOND/KOWONAVIRIS: SISTÈM  » COVAX » LA KOLEKTE DE (2) MILYA DOLA ANPLIS.

« Covax », yon sistèm òganizasyon mondyal sante (OMS) kreye pou kapab fè rive kolekte kantite dòz vaksen pou distribiye ak plizyè peyi pòv nan mond lan daprè responsab yo nan  » Covax » yo kolekte de (2) milya dola anplis.

Nan kad yon rankont vizyo konferans ki òganize ant Japon ak Alyans Vaksen (Gavi), ki pèmèt ak òganizasyon an jwenn yon milya uisan milyon ( 1.8000000) dòz vaksen pou distribiye bay katreven onz (91) peyi ki pòv nan mond lan. Yon peyi anplis, End pou kont pal ap resevwa ven pousan (20 % ) dòz vaksen yo parapò ak gwosè li, se sa direktè egzekitif (Gavi) a doktè Seth Berkley, esplike nan yon konferans pou laprès.

 » Mwen kontan pou mwen anonse, nou rive kolekte 2, 4 milya dola ayè mèkredi de (2) jen 2021 an, ki vin totalize 9,6 milya dola pou nou achte vaksen », deklarasyon prezidan konsèy administrasyon Gavi a, José Manuel Barroso, nan kad somè sa kote senk (5) peyi angaje yo pou fè kado senkant kat (54) milyon dòz vaksen ak peyi pòv yo.

Pou fini, doktè Seth Berkley, fè konnen « Covax » deja bay swasant disèt (77) dòz vaksen nan san venn sèt (127) peyi, nan mwa jen an yo ap bay san katreven dis (190) milyon lòt dòz vaksen, daprè sa yo te anonse nan kad rankont yo te òganize venn sèt (27) me pase a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …