AYITI/ESPÒ: TWA (3) JWÈ NAN SELEKSYON NASYONAL LA TESTE POZITIF NAN KOVID-19

_Steeven Saba, Roberto Louima ak Leverton Pierre teste pozitif nan maladi kowona viris la. Sa ki lakoz yo ekate gwoup la._

Gen 3 jwè kad seleksyon nasyonal la ki trape Kovid-19 la. Daprè enfòmasyon yo, Steeven Saba, Roberto Louima ak Leverton Pierre pap ka prezan pou seleksyon nasyonal la 5 jwen ki ap vini a nan match kont ekip « Ils Turcs and Caicos »la.

Jean Jacques Pierre ki se antrenè grenadye yo pral nan obligasyon pou jwe san Steeven Saba ki se yon eleman kle nan mitan teren ekip la.

Nou ap raple, seleksyon nasyonal la retwouve li nan moman an nan peyi Sendomeng kote li ap fè yon estaj preparasyon nan sousi pou li pare nan match li ap gen pou li jwe nan kad eliminatwa koup dimonn Kata 2022 .

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …