AYITI / ENSEKIRITE: PLIZYÈ MOUN NAN MATISAN KOURI KITE LAKAY YO AKOZ AFWONTMAN BANDI YO.

Depi plizyè jou gwoup gang nan Gran Ravin ak Tibwa ap toke kòn nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens , pou kapab gen teritwa daprè enfòmasyon yo.

Fas ak sitiyasyon sa plizyè abitan kap viv nan zòn Matisan oblije kouri kite lakay yo pou yo kapab sove po yo kont rafal kout zam bandi yo nan Granravin ak Tibwa, abitan sa yo ki pè pou yo pa viktim oblije al refije yo sou plas Fontamara, selon konsta yo.

Direktris egzekitif Fondasyon Je Klere (FJKL) Marie Yolène Gilles, ki denonse vyolasyon dwa abitan sa yo defansè dwa moun lan, ki mande solidarite pou moun sa yo ki al refije sou plas Fontamara.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …