LEMOND/ KATASTWÒF : POU PI PITI NÈF (9) MOUN MOURI NAN FOUYE LÒ NAN PEYI GANA

PNèf (9) moun mouri pandan semèn lan nan Nò peyi Gana, pandan yap fouye nan yon min lò ilegal daprè enfòmasyon otorite nan lapolis nan peyi Gana mete disponib jedi twa (3) jen 2021 an.

Aksyon sa pase nan min Lò « Gbane » ki tou prè fontyè Gana ak Boukina Faso, depi madi sekouris yo kòmanse ap chache viktim yo selon esplikasyon pòt pawòl polis David Fianko-Okyere, ki presize yo retwouve nèf (9) kadav pami moun ki te nan fouye min lan.

 » nou panse gen pou pi piti twa (3) lòt kò ki rete anba efondreman, nou ap fè tout jefò pou nou rive fè yo sòti swa vivan ou byen kadav yo » deklarasyon Yakubu Musah, ki se youn nan te mwen aksidan sa pandan li presize se lapli ki ta lakoz efondreman.

Nou ap siyale, twa (3) moun mouri semèn pase a nan Sid peyi Gana pandan yo tap fouye yon min Lò ilegal. Li bon pou nou di, peyi Gana se dezyèm peyi nan kontinan Afrik la ki gen anpil min Lò.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …