SEREMONI POU REMÈT PRI NAN KAD KONKOU NASYONAL DISÈTASYON ULCC TE ÒGANIZE NAN KANPAY SANSIBILAZYON KONT KORIPSYON.

_Seremoni pou remèt 3 gayan yo prim yo nan konkou ULCC te reyalize nan kad sansibilizasyon kont koripsyon enstitisyon an ap mennen bò kote jèn yo, te fèt jounen Jedi 3 Jwen 2021 an nan lokal enstitisyon an._

1) Carl Olivier Louis- Jacques (Institution Saint- Louis de Gonzague) ; 2 )Edline Golie Duvert (École Notre-Dame dame de la sagesse de petit-goave ; 3)Rindjy Exantus ( Institution nouvelle Source) se non 3 gayan konkou nasyonal disètasyon inite lit kont koripsyon ki gen sig li nan lang fransè (ULCC) te òganize nan lide pou sansibilizasyon elèv lekòl piblik kou prive nan batay kont koripsyon anndan peyi a.

 » Pou batay kont koripsyon an efikas li dwe kòmanse alabaz. Nou dwe enkilke yon pakèt valè kay jèn yo tankou entegrite, pwobite », deklare mèt Jacques Ludwing Joseph, direktè jeneral ULCC. « Menm jan ak nou, m soti nan yon milye ki viktim zefè pèvè koripsyon an. Pa gen ase lopital, pa gen ensfrastriki », pawòl mèt Jacques.

Pi lwen nan entèvansyon li a, nimewo 1 ULCC afè konnen pi gwo omaj nou ka rann sosyete a se kontinye di non ak zak koripsyon yo e kontwole moun k ap dirije yo pandan n ap egzije yo pou yo bay plis rezilta pou yon pi bon Ayiti. » Sèl fason elèv yo ka asire avni yo ak avni sila k ap vini yo se lè yo di non ak pratik kliyantelis, nepotis yo », daprè sa mèt Jacques Ludwing Joseph.

Bò kote pa l, Jacquelin Charlot Junior, sekretè Leta lajenès, nan kad seremoni pou remèt pri m yo, deklare koripsyon an se pi gwo mal peyi a konnen, se li ki alabaz tout pwoblèm, difikilte sosyete ayisyen an ap fè fas depi aprè endepandans peyi a.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: Ticket Magasine.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …