AYITI/POLITIK: « SOLISYON KRIZ LA DWE SOTI NAN MITAN TOUT FÒS VIV PEYI A », DAPRÈ MOÏSE JEAN CHARLES

_Lidè platfòm pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles fè konnen jounen samdi 5 Jwen 2021 an sou kont twitè li solisyon kriz la dwe soti nan mitan tout fòs viv peyi a._

 » Solisyon kriz la dwe soti nan mitan tout fòs viv peyi a », fè konnen Moïse Charles. » Referandòm ilegal ak eleksyon san patisipasyon pa solisyon an », daprè ansyen kandida pou pòs prezidan an nan eleksyon 2015 yo.

Moïse Jean Charles pwofite okazyon an pou li voye jete envitasyon sou chita pale OEA fè li a. « PPDA remèsye OEA pou envitasyon chita pale sou kriz Jovenel Moïse deklannche nan peyi a men li dekline envitasyon 8 jen an », daprè Moïse Jean Charles.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …