AYITI/ ESPÒ : SELEKSYON NASYONAL LA BAY EKIP « TURKS AND CAICOS » YON VALÈ GÒL LAKAY LI

Nan yon match ki te mete bap pou bap seleksyon nasyonal la ak seleksyon « Turks and Caicos » la jounen samdi senk (5) jen 2021 an, yon match ki fini dis (10) gòl a zewo (10-0) anfavè seleksyon nasyonal la.

Match foutbòl seleksyon Ayiti a t ap jwe ak peyi  » Turks and Caicos » la rantre nan match eliminatwa koup di mond  » Quatar 2022, yon premye mitan ki te fini senk (5) gòl a zewo (5-0), atakan ayisyen Duckens Nazon pou kont pal te make kat (4) gòl pou kont li, Caneji Antoine make yon gòl nan premye mitan ak de (2) lòt nan dezyèm mitan, Frantzy Pierro ki te moute nan dezyèm mitan match la ta pral make twa (3) gòl sa ki pèmèt ekip nasyonal la bat byen fasil ekip  » Turcs and Caicos » la.

Nou ap raple, seleksyon nasyonal la ap jwe madi uit (8) jen ki ap vini an nan estad Silvyo katò kont ekip « Nicaragua ».

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …