ESPO/BREZIL: PREZIDAN PEYI BREZIL MANDE POU REVOKE TITE KI SE ANTRENÈ SELEKSYON BREZILYEN AN.

Prezidan peyi Brezil  la, Jair Bolsonaro mande pou konfederasyon brezilyen foutbòl la revoke Tite nan tèt ekip la.

Relokalizasyon Kopa Amerika a vin tounen yon zafè politik. Daprè Globoesporte, yon medya brezilyen, Prezidan Jair Bolsonaro mande konfederasyon brezilyen foutbòl la ki gen sig li an fransè ki se CBF pou chanje antrenè ekip la anvan Kopa Amerika a kòmanse.

Aprè anpil jwè brezilyen menase pou bòykote Kopa Amerika a akoz Kovid-19 la ki ap taye banda nan peyi a, Prezidan Jair Bolsonaro bò kote pa li kontakte CBF la pou li fè li revoke Tite.

Prezidan peyi Brezil la estime Tite se youn nan moun ki responsab sityasyon tansyon ki gen nan ekip la pou moman sa. Sou baz sa, li swete ekip la gen yon antrenè ki plis ale nan lojik idewolojik pati ki sou pouvwa a. Nan demach sila a, Renato Gaûcho, patizan Jair Bolsonaro, ansyen antrenè Grêmio se ta youn nan kandida pou ranplase Tite nan tèt ekip la.

Selon Globoesporte, chanjman antrenè a ka fèt anvan 13 Jwen 2021 an ki ap vini an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …