AYITI/ENSEKIRITE: YON CHÈF DE FIL MOUVMAN 2004 TONBE ANBA BAL MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE NAN LOKALITE BWA DEYÒ.

Alexandre Pierre Paul tout moun konnen sou non « Kanal divan » tonbe anba bal moun yo pa rive idantifye apremidi 10 jen 2021 nan lokalite « Bwa deyò » kote li tap viv selon enfòmasyon nou rive jwenn.

« Kanal divan » se youn nan atizan mouvman 2004 yo nan vil Gonayiv pou te fòse ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide kite pouvwa a. Dènye fwa Kanal Divan te fè aktyakite se lè chèf bandi vilaj de Dye a Anel Joseph te rantre Latibonit, li te pran zam ak kèk lòt gwoup ki te gen nan tèt yo Ti sourit, Ti Mepri pou site sa yo, se yo ki ta pral rive bay Anel Joseph yon bal ki ta pral pouse lapolis mete li anba kòd.

Apre nouvèl lanmò Kanal Divan, patizan li yo te bloke pon Goden ki mennen Gonayiv la pou manifeste kòlè yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …