FRANS/JISTIS: LAJISTIS KONDANE MOUN KI TE LEVE MEN NAN FIGI PREZIDAN FRANSÈ A.

_Moun ki te leve men nan figi chèf Leta fransè a, Emmanuel Macron madi ki sot pase a, kondane jounen Jedi 10 Jen an pou li pase 18 mwa nan prizon, 14 nan mwa sa yo avèk »sursis »._

48è aprè li te fin lave men li nan figi Emmanuel Macron ki te an deplasman nan yon kote yo rele »Drôme », Damien.T kondane an konparisyon imedya, jedi 10 Jen an pou li pran 4 mwa prizon fèm.

Pakè a te mande 18 mwa prizon fèm. Kalòt la, » li inadmisib, se yon zak vyolans delibere », deklare reprezantan ministè piblik la anfas Jenn gason 28 lane a ki jije an konparisyon imedya.

Pou kanmarad li a, daprè sa France 24 rapòte, lajistis ap gen pou tande li nan dezyèm trimès lane 2022 a pou l kapab reponn ak enfraksyon ki gen pou wè ak « zam ilegal yo jwenn lakay li a », daprè pwokirè repiblik fransè a, Alex Perrin.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …