Maladi kowonaviris la, touye direktè lekòl mizik Sentrinite a pè David Cesar, nan lannwit jedi pou louvri vandredi onz (11) jen 2021 an, Daprè sa responsab legliz katolik yo fè konnen.
Pè David Cesar, tap soufri ak tout sentom maladi fè vwèl pou peyi san chapo a « kowonaviris » nan lanwit dis (10) pou louvri onz (11) jen 2021 an.
Nou ap fè konnen, pè David Cesar te ap dirije lekòl mizik Sentrinite depi nan lane 1996, maladi kowonaviris la pa sispann mete dèy nan tout sektè patikilyèman sektè katolik la.
Dieuva Occidor