AYITI/POLITIK: DEZYÈM RANKONT ANT JOVENEL MOÏSE AK MANM MISYON OEA YO NAN PALÈ NASYONAL.

_Jovenel Moïse rankontre pou yon lòt fwa ankò manm misyon òganizasyon eta ameriken yo (OEA) nan palè nasyonal ayè Jedi 10 Jen an 2021. » Eleksyon se sèl vwa enkontounab ki ka bay demokrasi a jarèt », deklare Jovenel Moïse nan kad rankont sa._

Kriz politik la pa sispann brase bil peyi a dènye moman sa yo. Kominote entènasyonal la voye komisyon pou vin founi je gade, daprè sa yo di, pou konnen kisa ki ap pase an Ayiti. Anpil sektè nan sosyete a te chita ak komisyon manm OEA yo pou yo te bay pozisyon yo sou kriz la. » Mwen gen dezyèm rankont mwen ak OEA a kote mwen pase an revi pozisyon tout sektè te afiche yo », li sou kont twitè Jovenel Moïse.

Lokatè palè nasyonal la fè konnen, pandan rankont li ak manm misyon OEA yo, eleksyon se sèl vwa enkontounab ki kapab bay demokrasi nou an jarèt.

Alòske Jovenel Moïse ap pale sou koze reyalize eleksyon, René Civil ki se responsab emèjans patriyotik bò kote pa li te fè konnen, nan dat 7 Jen 2021 an, nonsèlman li pa pral nan eleksyon ak ansyen patron agritans lan, men tou, li te tou pwofite okazyon an pou te deklare manda Jovenel Moïse fini depi 7 fevriye 2021, daprè atik 134.2 konstitisyon 1987 la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …