LEMONN/POLITIK : NAFTALI BENETT SE NOUVO PREMYE MINIS PEYI « ISRAËL », POUVWA A METE BENJAMIN NETANYAHU SOU KOTE

_Palman « israélien » an valide jounen dimanch 13 jen an pwojè kowalisyon chanjman an e manm tan mete yon bout ak rèy premye minis Benjamin Netanyahu, rèy ki pi long nan tout istwa peyi »Israël »._

Palman »israélien » an bay, jounen dimanch lan, yon vòt konfyans ak gouvènman nouvo premye minis Naftali Bennett ki ranplase Benjamin Netanyahu.

Sou 119 depite ki te prezan( gen 120 nan palman an), 60 vote an favè kowalisyon an kont 59 ki soti nan pati Likoud Benjamin Netanyahu a ki opoze, daprè sa France 24 rapòte.

 » Si se desten nou pou nou nan opozisyon, nou ap fè li ak tèt anlè. Nou ap fè tout sa ki posib pou nou fè vye gouvènman sa tonbe epi apre n ap retounen dirije peyi a nan fason pa nou(..) N ap tounen nan yon tan ki pa twò long », deklare Netanyahu.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …