AYITI/KOVID-19 : YON LÒT GWO BRA NAN ONA MOURI NAN KOWONA VIRIS.

_Direktè administratif ONA a, Jean Richard Pérard mouri nan pandemi kowona viris la jounen dimanch 13 jen 2021 an, daprè sa yon manm nan fanmi li konfime._

De (2) nouvo varyan Kovid-19 yo kontinye ap etenn souf pitit peyi a. Maladi kowona viris wete lavi Jean Richard Pérard jounen dimanch lan. Selon fanmi direktè administratif, li te etène nan lopital Mibalè a.

Jean Richard Pérard, toujou daprè yon pwòch nan fanmi li pase plizyè jou san konesans nan lopital Mibalè a anvan li rann dènye souf li akoz maladi Kovid-19 la.

Nan pi piti pase yon mwa, Kovid-19 la pote ale 2 gwo zotobre nan ONA. Apre Chesnel Pierre ki se te direktè jeneral enstitisyon an ki te mouri nan dat 22 me 2021 ki sot pase a, kounya se direktè administratif la ki rann dènye souf li toujou akoz pandemi kowona viris la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …