AYITI/ ENSEKIRITE : PLIZYÈ ÒGANIZASYON POTE SOLIDARITE AK RNDDH.

Plizyè òganizasyon nan peyi Ayiti ak lòt bò dlo di yo pote solidarite yo bay òganizasyon rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (RNDDH) k ap resevwa menas anba men gwoup gang yo nan peyi a.

Nan yon nòt kolektif sitwayen angaje   » Nou Pap Dòmi » di yo pote solidarite ak RNDDH ki ap resevwa menas anba men plizyè gang ame nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

Sou bò pa yo, nan yon twit komisyon zafè etranje chanm reprezantan ou byen nan lang anglè  » House Foriegn Affairs Committee », ki di yo prewokipe ak enfòmasyon ki fè kwè plizyè gang ap menase direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Esperance.

Nou ap siyale, nan yon mesaj sou kont twitè li direktris pwogram yo nan RNDDH Marie Rosy Auguste, ki te fè konnen RNDDH ap resevwa Gwo menas.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …