CRISTIANO RONALDO RANTRE PI FON NAN ISTWA JWÈT FOUTBÒL LA.

Cristiano Ronaldo fèk fè 2 gòl nan kad premye match ekip Pòtigal la ap jwe anfas ekip Ongri a nan faz final koup Dewòp la, jounen madi 15 jen 2021 an . Gras ak 2 gòl sa yo, lejann Pòtigè a vini pi bon bitè nan istwa koup Dewòp la devan Platini avèk 11 gòl e li vini tou premye jwè nan istwa jwèt la ki fè gòl nan 5 koup Dewòp_ .

Cristiano Ronaldo ap mete rekò atè e an menm tan ap rantre pi fon nan istwa foutbòl la. Premye jwè ki fè gòl nan 5 koup Dewòp rele Cristiano Ronaldo. Kit se Ewo 2004, 2008, 2012, 2016, 2020 atakan Juventus Turin an fè gòl nan tout.

Atakan vedèt seleksyon Pòtigal la, Cristiano Ronaldo manke 3 gòl pou l bat rekò jwè ki gen pi plis gòl ak seleksyon nasyonal yo. Jwè ki devan l lan se Iranyen an Ali Daei ki gen 109 gòl.

N ap raple, Cristiano Ronaldo jwe 176 match avèk Pòtigal. Li fè 106 gòl ak 31 pas desizif.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …