AYITI/ ENSEKIRITE: BANDI YO PA SISPANN FÈ ZAM CHANTE TANKOU KÒK NAN MATISAN.

Batay gang ak gang yo pat sispann nan Matisan jounen madi kenz (15) jen 2021 an, gang Gran Ravin ak nan Tibwa ki tap twoke kòn lakoz abitan nan Matisan pase yon move jounen ayè madi a.

Bilan batay gwoup gang yo lakoz pou pi piti yon moun mouri, plizyè kay boule, san konte machin ak motosiklèt, katouch kontinye ap chante tankou kòk oblije manm popilasyon an kontinye ap kouri kite zòn lan pou yo pa viktim.

Nou ap fè remake, nan yon kominike wo eta majò polis la mete deyò fè konnen yo dekrete alèt sekirite sou tout depatman yo nan lide pou kapab fè fas kare ak aksyon bandi yo sou teritwa nasyonal la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …